Latest News

Yon ti jèn poze Granpè li kesyon sa a! Kòman nou te konn viv nan tan pa nou an san bagay sa yo

Se laverite

Yon ti jèn poze Granpè li kesyon sa a!
Kòman nou te konn viv nan tan pa nou an san bagay sa yo:
San teknoloji
San avyon
San entènèt
San òdinatè
San plezi, teyat
San klimatizè
San machin
San telefòn pòtab

Granpè a reponn li:
Menm jan ak jenerasyon pa w la kap viv jodi a san bagay sa yo:
San lapriyè
San pitye, san konsyans
San onè ak respè
San pèsonalite
San karaktè, san jèn
San wont
San diyite

Nou, jenerasyon ki fèt ant 1950-1989, nou beni. E egzistans pwouve sa.
Lè nou tap jwe e monte bisiklèt, nou pat konn mete kas nan tèt nou.
Aprè lekòl, nou jwe jous li fè nwa. Nou pat janm gade televizyon.
Nou te jwe avek zanmi nou, se pat zanmi sou entènèt.
Lè nou te swaf, nou te bwè dlo tiyo, nou pat bwè ni sachè ni boutèy dlo.
Nou pat malad menm si nou plizyè te bwè nan menm vè ou goblè a.
Nou pat gwosi, pran pwa, menm lè nou te manje yon plat diri chak jou.
Anyen pat rive pye nou, menm lè nou te konn jwe ou byen mache pye atè.
Nou pat konn ap pran vitamin ak lòt medikaman pou kenbe kò nou an sante.
Nou te konn kreye jwèt pa nou e nou te konn amize nou trè byen.
Paran nou pat rich. Men yo te ban nou tout lanmou yo. Yo pat ban nou bagay ki se vanite.
Nou pat gen selfòn, devede, videyo, òdinatè, entènèt, nou te genye zanmi reyèl.
Nou te vizite zanmi ak fanmi lè nou vle e yo te kontan lè yo te wè nou. Yo te separe manje yo te genye ak nou.
Foto nou te fè, te nwa e blan men ou kapab wè ke yo gen anpil souvni nan yo.
Nou inik. E se jenerasyon pa nou ki plis konprann moun. Paske nou se dènye jenerasyon ki te koute sa paran nou te di nou, an menm tan, nou se premye jenerasyon ki chita pou koute sa pitit ak pitit pitit ap di nou.

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.