Bandi nan legliz
Yon legliz ki te gin anviron 2500 moun, kretien kap priye ladann.
Epi adoration an danble, louanj, priyè, amen san rete.
Vwala ke, gen 3 bandi, rat pa kaka, ki vin rantre nan legliz-la. Epi yo rale zam, gen yonn ladan yo ki fè yon katouch nan plafon an boww.
Vin gen yon silans total nan legliz-la.
Epi chèf bandi-a monte chair legliz-la, li di : tout moun ki vle mouri pou jezu, chita-la !
Yon sèl kou : tout moun pete kouri, sak lage tèt yo anba, sak pase nan fenèt…, a pèn si te ka rete 20 moun ki ret chita.
Epi bandi yo di Pastè-a : ou mèt kontinye priyè-a wi ! Nou mete tout ipokrit yo deyò pou wou. Se 20 grenn moun, ou genyen ki tap sevi Bondye fidèlman.
AMENNNNNNNNN
Si’w panse ke’w tap yonn nan 20 moun ki te rete chita yo, fè-l mache !