Latest News

TOTO kal dine kay paran madanm li lan okasyon premye anivèsè maryaj li

Eske TOTO an tò mesye dam???

TOTO kal dine kay paran madanm li lan okasyon premye anivèsè maryaj li.
    Sèvant kap pote manje sou tab la a telman bèl, telman anfom TOTO pat ka pa volè ti je gade manzè. 
  Madan TOTO gentan sou menl.
      Sèvant finn pot tout sal te dwe pote, li prale.. se le moman TOTO rale yon ti papye an kachèt li ekri yon bagay ladanl li femen lan men sèvant lan..
Sèvant lan pranl li ouvril epi li bay yon bèl ti souri, li ale...
  Madan TOTO fache, tansyonl moutel li rale bag  lan dwèt li depozel sou la tab epi li vire dol li kite tab la
  TOTO pa di anyen...
Papa madan TOTO rele sèvant lan li pran ti papye a lan menl li ouvril, lel finn lil li tonbe ri...
Sann panse TOTO te ekri lan papye a mezanmi???? 
   《Pot ti graten pou mwen sil te plè》

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.