Latest News

10 bagay depi mennaj ou fè'w ou mèt konnen'l pa renmen'w ankò, oubyen li gen yon lòt moun sou wou.

Men 10 bagay depi mennaj ou fè'w ou mèt konnen'l pa renmen'w ankò, oubyen li gen yon lòt moun sou wou.
1)- li pa rele'w souvan ankò. Lè'w relel ou jwenn li, li toujou gen domi oswa li pral okipe wa relel anko.

2)- lè'l bò kote'w telefon li jwenn plis afeksyon, moun sa pa janm anvi bo, epi vye kesyon dwol lap poze'w komkwa siw ta reponn yo lap pi fèl byen ke fèl jalou de ou.

3)- oswa li di'w Nou bezwen bay lanmou an yon ti tan wi paske mwen kèk projè ki pi serye pou moman, ou byen li diw li pa wè avni relasyon an ann pran yon ti poz.

4)- lè'w rele'l li pa retounenw apèl la, epi lè'w ap ekri ak li konvèzasyon an san cham paske li vin fè'w pase pou yon jounalis kap poze kesyon selman jamè mandew anyen de ou.

5)- Tout sa'w di'l li pran poz fache'l, fache sa telman ka dire siw pa fè san wont ekril mande padon san'w pa antò epi lap oze diw nenpot vye pawol devan zanmil oswa zanmiw.

6)- Menm lè'w poste yon bagay sou fb li pap LIKE ni komante, menm si yon moun ta dil se pa mennaj entèl ou ye se tankou se joure moun sa joure'l.

7)- Sex te konn fèt chak 2 fwa nan yon semèn, abitid sa ap chanje lè'w mande'l fè lanmou lap diw kè li pa kontan se pa sa ki nan tet li kounya oswa lap plenyen fatig.
8)- Vwa'l chanje lè'w wè'l oubyen lè'w pale avè'l,se pou li ka sinyale'w ke'l gen yon pwoblèm, epi lap tonbe fè'w fè jalouzi tout prensip ki te etabli nan relation an ap komanse vyole

9)- Li toujou gen pwen l'ap tire li jis pa site non'w sèlman, egzanp:  Bondye konn tout bagay, oubyen Pouki se mwen? Lanmou pa fèt pou mwen.

10)- Lap mande'w pou aveti'l avan ou vin lakay li, lap kreye yon pakèt bagay jistan ou dekouraje pou dil ou kite'l, lè yo fèl konsa son fason sil bezwen'w anko poul ka tounen komkwa se ou kite kite'l.

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.