Latest News

Saint SAINT VALENTIN : Kisa sen valanten an ye?

Saint  SAINT VALENTIN

(Kisa sen valanten an ye?)

Valanten te yon medsen, apre li te vin yon pret katolik a Rome (nan Itali).

Te gen yon empereur ki te rele CLAUDE II, li te entedi maryaj, paske solda yo pat travay byen akoz yo te gen fanmi sou kont yo. Men, te gen kek jenn ki te vle marye, yo al jwenn Valanten an kachet pou marye yo.

Le Empereur a te vin konn sa, li fe arate Valanten epi mete l nan prizon. Valanten te vin zanmi ak yon jenn fi ki te rele: Julia, jenn fi sa te aveg, aprè li te vin we.

Se konsa, jenn fi sa te ofri yo kado bay Valanten nan prizon an. kado a se te yon: Coeur men mesaj ki te ekri sou Coeur sa:
(De ton Valentin).
Apre sa, empereur a te vin pase lod pou koupe tet Valentin. Yo te touye Valantin yon 14 Fevriye nan lane 270.

Se depi la yo mete fet sa ki rele: Saint Valentin. Imaj ki reprezante Sen Valanten an se yon ti moun ki gen zel ki rele: CUPIDON= dieu de
l'amour.
Sa se yon fet payen ki pran nesans nan legliz
katolik. Li pa pou legliz kris la.

Tout Kretyen kap fete fet sa, wap fete moun mouri
oubyen zidol. Se nan legliz katolik yo fe bagay sa. Yo di yo ap adore manman MARI. Yon moun ki mouri deja.

Siw fete Sen Valanten ak yo, ou ka adore manman mari ak yo tou. Nan denye
jou a, nap tou ale boule ansanm, kisa nou panse??
Siw vle antre nan peyi kote Bondye wa, kite adore zidol, mo, demon ect...

Apoc21:8 (moun kap sevi zidol yo pral boule)
Sen Valanten se yon zidol.

1Jean2:15 (piga nou renmen lemond ak anyen ki
nan lemond.) Sen Valanten se pou lemond.
Mezanmi, pran bon sans nou. Gade imaj sa byen
pou nou we. Eske Kretyen dwe nan bagay sa?

Jacques 4:4 (moun ki renmen lemond se ennmi
Bondye yo ye) Si w renmen sen valanten, ou rayi Bondye.

Pataje mesaj sa ak kontak ou gen sou watsap yo, pou yo gen yon konesans an plus. Ke Bondye ap beniw.

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.