Latest News

Ann pran konsyans Se pou nou tout konnen Fòs nou se nan linyon l ye.

Ann pran konsyans

Se pou nou tout konnen
Fòs  nou se nan linyon l ye.

Pi bon zanmi'w genyen jodi a,li  kapab pi gro lènmi w demen.konsa tou pi gro lènmi'w genyen jodi a,li  kapab pi bon zanmi'w demen.

Si'w pa ka di yon bagay ki bon sou yon moun,silans!
Toujou sonje itilize tès  3 paswa  Socrate la avant tout.

Renmen moun ki renmen'w ni moun ki rayi'w.
Tout moun ki fè'm lagè  mwen renmen  yo.
Mwen mande Granmèt la benediksyon pou tout moun  ki bay mwen madichon.

Mwen anvi wè yon ti respè k'ap renye  nan mitan nou pou sispann gen trèt.

Mwen mande nou tanpri yon ti kal respè pou sa'm ye a,pa pou sa'm posede.

Menm si'w te gen po  nwa m te gen po  klè ou blan,se yon sèl  san k ap koule nan venn  nou.

Pa fè pèsòn mal,ou kapab peye sa trè chè demen.

Mond la se tankou fab de la fontaine nan *Les animaux malade de la peste*.

Mh!  yon ti kalkil pou'n konn konbyen sèvèl ki boule ou konbyen bèl  kran nou kraze nou pilonnen  anba pye tankou jan atis BIC chante'l la.
Paske nou pa bay yo valè.

Nou kite yo al lòt  kote,swa nan peyi san chapo,ou nan peyi etranje.

Men  si n met tèt ansanm deja  nou se fòs,nou se kouraj,nou pap sispann lite.

Se pou sa m ap lanse  mesaj sa.

Fè yon ti reflechi,kite'l touche konsyans  nou.

Deja m espere  ke l ap  demare  kèk may nan chenn  nan.

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.