*Nou menm Ayisyen, n'ap di nou pa egare nèkraze'w ou fenk egare.*
_Digicel chanje sistèm li san avètisman, sa pa di'n anyen.🤔 *Men nou pa egare* !🤗_
_Pou w fè yon plan, ou oblije gen yon SmartPhone nan menw e fôw telechaje aplikasyon MyDigi l lan. Sak pi tris la si w pa gen Mb ou pap ka fè plan. *Men nou pa egare* 🤗!_
_Ou te konn fè yon plan 9goud pou 50 Mb men konnya yo baw 10 mb pou 4 gd kidonk 4g vo 10 Mb, 5 vo 40 Mb. Men *nou pa egare non*_ 🤗
_Pa okenn kote nan mond lan, yon konpayi telefôn gen dwa fè sal vle tankou volè minit moun, chanje sistèm san avèti, pran sinyal san avèti sak pi di a pèsòn pa konn nimewo sèvis kliyantèl li. *MenNou pa egare*_🤗
_Nap kriye pou bidjè men konpayi telefoni nou plis itilize a monte sou tèt nou, nou pa dil anyen paske *Nou Pa egare*_ 🤗
_Vitès entènèt Digicel la boule plis Kb pa segond ke tout lòt konpayi, pa mande Bondye ou gen yon phone 4G nan menw. *Nou pa egare*🤗_
Konpayi sa yo fin dechèpiye nou, pandan nap gade yo, paske Nou pa egare
_Siw pa egare tou, pataje mesaj sa a jistan tout Ayisyen leve kanpe pou yo di yo bouke ak tout bagay sa yo._
🤔🤔🤔
*Nou pa egare*