MWEN AVÈ'W PA DIFERAN
(NOU SANBLE)
Nou gen menm kràn, menm skèlèt, menm trip, kè nou plase menm kote!
U se blan mw se nwa: nou tou 2 gen menm san
U nan lekòl prive mw m nan lise: nou tou 2 konn li
Wal achte rad nan chòp mw m nan bese triye: nou tou 2 abiye
U dòmi sou gwo kabann antik mw m domi sou nat: nou tou 2 dòmi
U gen paspò m gen kat elektoral: nou tou 2 gen idantite
U gen machin m gen bourik: nou tou 2 pa mache a pye
Wap travay nan biwo mw map sekle tè: nou tou 2 ap travay
U gen gwo iPhone mw m gen yn edem peze: nou tou 2 kominike
U manje pizza mw m manje pate: nou tou 2 manje
Lèw malad wal doktè mw mal kay yn medsen fèy: nou tou 2 pran swen
Wap touche US map touche Goud: nou tou 2 gen kòb
Wap viv aletraje map viv ayiti: nou tou 2 ap viv
Lèw mouri yap anterew nan yn gwo sèkèy mw yap kole 4 moso planch: nou tou 2 ap antere
U bèl mw lèd: nou 2 sanble ak Bon Dye
U gen 20 dwèt mw genyenl tou
U gen 2 je mw genyenl tou
U gen nen mw genyenl tou
U gen bouch mw genyenl tou
Gadew byen epi gadem; u pa wè nou sanble....
Apre mesaj pa gen okenn moun kap nan prejije Ankò!!
C yn zanmi ki voyel bay yn zanmim epi ki fèm jwenn li mw m voyel pou u paskem kwè tout moun sanble vre.
Siw pa yn moun kap gad moun sou aparans fèl pase!!!