Latest News

Men 10 konsèy vrèman enpòtan pou peryòd Nwèl la.

🎅🏽🎅🏽🎅🏽🎅🏽🎅🏽🎅🏽
     🎄🎄🎄🎄🎄🎄

  Men 10 konsèy vrèman enpòtan pou peryòd Nwèl la.

   🎅🏽1_ Se pouw renmen frèw ak sèw, mande padon ak tout moun ou fè mal e rekonsilye ak moun ou ènmi paske Nwèl se lanmou.

   🎅🏽2_ Pa ramase bagay atè paske moman sa frajil anpil. E si wap resevwa lajan fòk ou byen verifye yo paske se moman yo bay plis fo lajan.

   🎅🏽3_ Byen sekirize kay ou avanw sòti oubyen avanw al dòmi paske se moman vòlè plis vizite moun.

   🎅🏽4_ Siw se yon moun ki tèktèk, ou renmen joure oubyen ou renmen batay fè yon ti kalmew pandan moman sa paske ou ka pase fèt Nwèl la nan prizon oubyen ou ka nan mawon, lè sa ou pap ka byen fete.

   🎅🏽5_ Pa al fè gwo kredi, prete lajan ni pran ponya pou fèt la paske lè dat la rive ou pa ka remèt lajan an ou ka pran prizon e kozew ap pran la ri.

   🎅🏽6_ Pa kite mennaj ou egzijew pouw bal yon bagay kew pap ka ba li pou fèt la. Si wal fè gwo eksè pouw ba lil gen de vye bagay ou pral fè, lè sa se ou sèl kap avili. Lè sa rive menm vle li pap vle tande pale de ou ankò.

   🎅🏽7_ Pa kraze yon relasyon poutèt ou mande moun nan yon bagay kel paka bòw paskel pa gen mwayen pou moman fèt la, fèt la se pou yon ti moman men relasyon an se pou tout tan.

   🎅🏽8_ Si wap fè bagay ak yon moun ou fèk rankontre oubyen ak mennaj ou e kew poko prepare, met kapòt paske gen vye maladi e ansent avan lè. Yon ti plezi pou yon ti moman ka bay anpil dlo nan zye pou tout la vi.

   🎅🏽9_ Siw genyen pataje ak sa ki pa genyen paske Nwèl se pataje ak moun ki pa genyen. Swete tout moun jwaye Nwèl te mèt li rich ou pòv, bèl ou lèd paske Nwèl se la jwa.

   🎅🏽10_ Lè wap pran lari fè anpil pridans paske nan moman sa yo gen anpil danje nan la ri a. Byen pwoteje tèt ou pouw ka byen fete Nwèl la.

(🎅🏽 Sèl fason pouw montre yon moun kew renmenl anpil nan moman sa se lèw chwazi pataje tout bèl ti konsèy sa yo avèl poul ka byen fete Nwèl ane sa).

    📻 Radio Décibel 106.7, Gonaïves Haïti.
"Détente Musicale🎞🎤"
    🎅🏽🎅🏽🎅🏽🎅🏽🎅🏽🎅🏽
    🎄🎄🎄🎄🎄🎄
J W A Y E   N W È L !!!

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.