Latest News

Kèk ti prensip Savwa Viv nan yon chan prensip

Kèk ti prensip Savwa Viv nan yon chan prensip
👏👏👏👏👏👏👏👏👏👏

Lèw rive en reta nan yon lye piblik, tankou legliz, epi aktivite a deja kòmanse ou dwe chita dèyè. 😶

Lèw al participer nan yon aktivite, pa janm kouri chita nan premye place yo. Pito yo diw leve vin devant olye yo diw leve al dèyè paske plas devan yo te rezeve pou lòt envite.. 😰

Lèw rive nan bureau yon moun, ou pa dwe apiye sou biwo oubyen table li lè wap pale avèl.🙅‍♂

Lèw ale kay yon moun toutotan li pa diw chita ou pa dwe chita.🕴

Depi se pa kay prive w, Kelkeswa kotew rive ki gen porte oubyen barrière, menm si li louvri ou dwe frape pou mèt espace la otorizew antre.. ✊

Lèw rele yon moun 2 fois nan telefòn e telefòn nan sone normalement ew wèl pa dekwoche, pa persisté. Tann li relew back.📲

Lè yon moun relew nan téléphone se li menm pouw tann rakwoche lè konvèsasyon an fini.. 👀

Lèw renkontre yon autorité oubyen yon personnage, se li menm pou tann lonje la main ba ou👋

Si toutefois wap salye yon fi ew lonje main ba li, ou pa dwe peze main li..👐

Lèw al manje nan restaurant ou pa dwe ap kraze zo.😬😿

Lè yon moun adresew an créole ou dwe reponn li en créole ainsi ke pou nenpot lot langue ke moun nan pale depiw palel tou😐👄

Lèw rankontre yon moun ou pa konnen pour la première fois, juste fè yon simple salutation.. *pa kouri embrasel nou renmen bo twòp*😙💋😡

Lè yo invitew al manger, menm si grangou tap tiyew ou pa dwe montre sa. pa manje anpil et pa montrew voras..😨

*Lèw rive yon kote ew pral mande yon service, oubyen sou rezo sosyo yo, ou dwe sonje 4 mots sa yo :*
*1-*Salut / Bonjour /Bonsoir🙋‍♂
*2-*S'il vous plaît 🙏
*3-*Merci 😇
*4-*Au revoir / Bye🤗

Lèw ap pale ak yon otorite oubyen yon personnage, ou dwe utilize  " *vous* " au lieu de" *tu* " 🙂

Lèw ap pale ak yon professionnel ki pat kondisip ou, ou dwe adresel par titre li oubyen Monsieur ou Madame🤓

Lew rive yon kote ou jwenn yon moun ap manje, ou pa dwe lonje la main ba li🍲🍜🍴🍽

Ou pa dwe poste yon fotow sou Facebook pou partie intime ou paret nu. *Kisaw ap vann...!?*😵😲🤐

En aucun cas ou pa dwe pale mariw, madanm ou mennaj ou mal ak personne.. 😟😢

Depiw pa fiyanse oubyen marye ak yon moun pa plede ap poste fotol et fe chowof sou rezo sosyo pou pi devant pou pa frustre lew wel poste ak yon lot moun...😓😭

Avanw pran lari al nan aktivitew oubyen voyaje, toujou chèche gen kontwol odeur chaussures ki nan pyew, aisselle ou ak bouche ou pouw pa deranje moun ki bò kotew la epi pou moun pa palew mal...😷
Très prudent nan sans sa paske société sa pa padone moun! 🙁

Lèw nan yon liy tann tou paw la rive pou pase. Pito w pase an dernier ak honneur olyew kraze liy lan pouw pase avant tout moun ew soti wont.😞

Pa minimize ni fè okenn moun desepsyon paske youn bezwen lòt.. 👫

Toujou bay vérité pouw ka gade tout moun nan zye e pou pa mache tête bese..😇👍

Respekte moun pou moun respektew.👮

Tout saw vle yon moun fè pou ou, depiw ka fèl pou li se fèl d'abord...✍

Pa janm sispann fè byen Epi toujou padone !🤗

Siw santi mesaj sa enpòtan, Voyel bay lòt zanmiw paske m pansew pata swete li wont nan société a.

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.