Latest News

Yon mari ki gen yon priz de bouch ak madanm li. Yo chak pran machin pa yo

Siw fin li jis anba ou pap regrèt

Istwa a reflechi

Yon mari ki gen yon priz de bouch ak madanm li. Yo chak pran machin pa yo, yo ale legliz lè yo rive yo chita menm kote jis pou moun pa knnen si yo gen ti pale._

_Aprè sèvis lage mari ale ,men madanm lan rete nan reyinyon dam yo nan legliz la. Lè mari a rive li pa gade telefòn li menm, pandan madanm lan tap rele, sou pretèks ke li fache._

_Aprè 30mn li pa janm wè madanm lan. Li gade tlf li wè madanm lan tap relel. Li ale voye je li pa anba li wè machin madanm lan la li wè madanm lan nan machin men sa pat touche li pou ta panse ke madanm li ka gen problèm._

_fi ya kontinye rele mari a, men mari a pa janm pran apèl la. Se pandan madanm lan tap trepase ak maladi ke li soufri,_ men mari a pa janm desann al jwenn madanm lan. Aprè 20mn ankò li wè madanm lan pa janm monte, li deside al kote madanm lan_
_Men *elasssssss* two tard . li jwenn madanm lan mouri._

_Se lè sa li mete men nan tèt rele anmweyyyyyyyyy mw tiye madanm mw😭😭😭😭😭_

*Konbyen nou kite kòlè fè tiye madanm nou, tiye mari nou, tiye pitit nou, kraze relasyon nou yo jèn parèy mw*

*1- Aprann koube pou moun ke bouch ou ap di ou renmen an paske ou k detri li lèw pa chèche konnen problèm li*

*2- Lèw koube pa vle di ou lach men se yon senbòl grande li ye*

*3- Toujou pran 1 minit pou réfléchi menm siw ta moun ki sibi a*

*4- Pa kite espas pwoblèm ke wap viv la fèw voye moun paw la jete paskew ka pa janm wèl ankò*

*5- Pa elwanye moun paw pandan ou fache paske pwoblèm lan vin pi di lèw elwanye li an*

*Pataje istwa sa ak tout ki nan kontak ou yo paske lap remonte konsyans ak moral ou épi zanmi ou yo

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.