```Se yon vagabon ki ale legliz dimanch pase epi li chita bò kote yon ti madanm kap kabicha.
Pandan pastè a ap preche kont moun kap fè adiltè,
li poze yon kesyon:
Kiyès nan nou ki konn pran mari moun ?
Vagabon gade madanm nan kap domi an, li sekwe l epi li di l : men pastè a mande ki moun ki renmen ale nan misyon wi ?
Madanm nan kanpe epi li leve men li 👆
Pastè a gade l epi li di madanm nan: depi ki lè wap fè sa ?
Madanm nan reponn: depi m jèn fi.
Pastè a di: ki lè wap sispann fè sa ?
Madanm nan di: jis lè m mouri paske mwen fè tout jenès mwen konsa,se distraksyon m, malgre m marye, mari m pa ka enpoze m. Menm biznis mwen, m konn kite pou m fè sa```.
Legliz la rele' anmweyyyyyy !!!🙆🙆🙆🙆😳😳😳
Epi vagabon an jete l
🏃🏃🏃🏃🏃🏃🏃🏃
😂😂😂😂😂😂😂😂
Siw rmenl fèl mache ...🚶🚶🚶