Latest News

SI'M TE M TA'P....

....SI'M TE    M TA'P....

     SI'M TE yon Timoun piti M TA'P. 
fe tout sa manmanm  ak papam mandem. San boude bouch mwen.

   SI'M TE  yon Jèn fanm kap leve M TA'P koute  konsey paranm banm Epi  bay lekol plis vale  ke  lot vye plezi.

         SI'M  TE  gen menaj MTAP 
Bal plis anpotans  ke zanmi paske zanmi gen limit li.
Tan menaj mwen an pap pataje ak zanmi

  SI'M TE yon jèn gason kap leve M TA'P
Sispann chita nan baz bwè kleren selman mtap aprann yon metye ki pou util mwen demen.

   SI'M TE yon politisyen ayisyen M TA'P
Sispann konplis nan zak malonet ki anpeche peyi ayiti mache.

           SI'M  TE  pep ayisyen M TA'P
Sispann vote Tipolitichyen ki gen foli pouvwa pou 1000goud.

SI'M TE  nan manifestasyon yo MTAP
Etèn tout dufe yo mete pou kraze asfat yo ak  boule sak deja konstru yo.

           SI'M  TE  yon Magistra M TA'P
Ènmi fatra mtap
Fe devlopman nan komin mwen an fel bel
Mete strukti  ak lwazi.

SI'M  TE  yon Depite or Senatè  MTAP
Bay majistra jwe rol li mpatap bare l mtap selman 
Vote  lwa  ki  anfavè peyi ayiti.

           SI'M  TE yon direktè M TA'P
anplwaye moun ki kalifye pou djob la se pa fanmi ak zanmi mtap mete nan plas la Fanmi ak zanmi tap fe sa yo ka fè.

           SI'M  TE  yon Doktè M TA'P
pran swen pasyan an menm sil pa gen kob la paske byen pa janm pedi.

          SI'M TE  chofè taxi M TA'P
Bay pasajèa Woulib menm sil pat konn  montem pou kob deja.

        SI'M  TE  gen Madanm  MTAP
Pran swenl janm dwe pran swenl.
Bal respè fe lwanj pou li tout kotem pase.

        SI'M  TE profesè M TA'P
Bay elev mwen bon jan doz poul ka reusi nan Egzamen. M patap kouche elev mwen poum bal nòt.

SI'M TE  yon fanm M'ta Gros M TA'P
Fe timoun nan nenpot jan sa ye paske se bondye ki bay pitit lap edem kanmenm.

    SI'M  TE Gros yon fanm M TA'P
Okipe pitit mwen byen nomal.

          SI'M  TE Lougawou M TA'P
Kite bwè San pitit moun pakse fe timoun gen trop traka ladan.

            SI'M  TE  malfektè MTAP
Kite touye moun pakse si yo touyem tou mpap kontan paske lanmò pa dous.

                 SI'M  TE  vòlè MTAP 
Kite vole paske yo pa jwe ak vòlè kounyea si yo kenbem yap bat mwen anpil e yap tuyem.

SI'M te kite lekol pou fe limenna MTAP
Tounen lekol paske le dat Espirasyon limenna fini map San enpotans nan sosyetea.

SI'M TE gen Manmanm lotbo MTAP 
Sere nan chak ti kob li voye banm m patap gaspiye tout pou sil ta pedi job li li  ka pa ka  voye kob pou mwen.

               SI'M  TE fanm M TAP 
Sensè E Fidel ak Mari or Menaj mwen pou jis lanmò separe nou.

         SI'M  TE  marye  M TAP 
Respekte angajman mte pran devan pastè or Pè a.

        SI'M  TE  gen Pouvwa  M TA'P
Chanje lemond nan yon segond

Domaj mpa gen pouvwa men Bondye banm kapasite poum ekri E ou menm ou gen devwa pou pataje fel pase siw ta vle nou gen yon lot ayiti.
Mpanse chak moun ap jwenn pal ladan e lap we sal dwe fe E
BonDye ap touche kè'l lap pran angajmanl kanmenm.

Siw se yon inyoran ou santi ou pa sosyal Suprimel
MEN
Siw renmenl ou kwe nun moun kap panse patajel

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.