SI KANTITE manti politisyen yo ap bay yo se te elektrisite, ayiti tap gen kouran 24 sou 24.
SI KANTITE betiz ki nan mizik rabòday yo se te leson, lè konsa tout jèn yo tap filozòf.
SI KANTITE fatra ki nan lari pòtoprens se te manje, pa gen ayisyen ki tap soufri grangou.
SI KANTITE kat digicel ap pran pou nou yo se te pwazon, lè konsa mèt antrepriz sa tap mouri deja.
SI KANTITE moun ki al Chili yo te jwenn travay ayiti, lè konsa peyi a tap kòmanse devlope.
SI KANTITE livrezon limenna yo ap bay yo se nan kou pwofesyonèl yo te ale, lè konsa chak tap gen yon metye.
SI KANTITE kritik yap bay Rutshelle yo se te felisitasyon, lè konsa atis la tap fè plis pwogrè.
SI KANTITE jèn ki gen diplòm yo te jwenn travay, chak fanmi tap gen yon soulajman.
SI KANTITE moun ki li mesaj sa, te patajel li tap rive jwenn san konsyans yo.
Poukisa se mal la ki toujou ap triyonfe ???