``` Pou tout moun ki konn leve lannwit swa pou al nan twalèt ou byen al bwè dlo kèlkonk.... Tande sa
Kèlkeswa moun ou ye a pafwa ou leve nan mitan lannwit lan kanmenm pou w al regle yon bagay.
Sitou pou manman yo ki toujou ap veye sou pitit yo, se de a twa fwa yo konn leve al gade evolisyon timoun yo....
Lè w leve granmaten tou, gen anpil prekosyon ou dwe pran e li enpòtan anpil pou w konnen yon seri de bagay.
Pafwa ou konn wè yon moun yèswa epi nan maten ou tande l mouri. Lè sa a ou sezi, ou di mezanmi yèswa m pale ak li wi. Kisa l te genyen?
Enben rezon an sèke lè yon moun apèn leve nan dòmi pou al fè pipi ou byen yon lòt bagay kèlkonk, li dwe fè yon ti poze pou *30 segonn*.
Sak fè sa, se paske lè w leve nan dòmi sèvo a manke san ladan l kap sikile paske w tap dòmi.
Kidonk lè w leve voup pou w al fè bezwen w lan li pa gentan jwenn tout san li bezwen pou l fonksyone a; li vi n anemi e sa ka pwovoke yon *"kriz kadyak"* epi ou ka mouri sibitman.
Se sak fè m konseye nou chak fwa nou reveye lannwit
1- rete kouche toujou pou _*30 segonn*_.
2- apre sa leve chita arebò kabann nan pou 30 segonn pandan pye w bese.
Lè sa a tout san nan kò w gentan chache plas yo nan sèvo w ak nan kè w.
Souple lè w fin li mesaj sa a pa kenbe l pou ou.
Pataje l ak fanmi w ak tout zanmi w. Petèt ou va sove lavi yon moun.```