Latest News

PNH: Yon lè gen 2 chèf bandi ki pral touye yon polisye pandan nèg yo sou moto a

PNH: Yon lè gen 2 chèf bandi ki pral touye yon polisye pandan nèg yo sou moto a pou yo rive Pòtay Leyogàn pou lage polisye a atè.

klenn klenn telefòn yonn nan yo sonnen.
Lè-l gade li wè se madanm li kap sonnen-l.

Bandi: Alo cheri sa-w genyen?

Madan bandi: BB, sèl pitit fi nou an li fè aksidan wi, yo di-m li nan oksijèn li pa pale non.

bandi: Sa-w di-m la? Kote-l ye bb?

Madan bandi: Li lopital jeneral.

Bandi: Tann mwen map vini.

Menm kote a misye kite misyon an l'ale lopital la.
Lè-l rive ak dlo nan je li wè pye pitit fi a bande, tout figi-l kraze.

Misye tonbe rele. Pandan lap kriye konsa gen yon polisye ki vin konsole-l.
Polisye a di monchè si se pa-t mwen ou pa tap gen pitit menm ankò non paske machin lan frape-l li tonbe nan yon rigòl, mwen desann al pran-l paske djòb mwen se proteje e sèvi.
Se kounya misye kriye
lè-l konnen se yin polisye li ta pral touye.
Polisye a bay misye tout sèvis, li fè doktè pran swen pitit la, li bay misye kòb pou-l fè manje pou li.

Yon lè pandan polisye a vin wè misye li vin ak yon lot frè-l ki polisye tou;
lè misye wè frè a li tèlman sezi, misye pete  kriye.
Li di: "oh oh m'te gen misyon pou-m te touye-w wi.  Ak dlo nan je li jete ni zam ni bal ni telefòn  nan twalèt...
Misye di pandan map touye yo yo menm yap sove fanmi-m ak zanmi-m.

Souple Voye tèks sa bay tout zanmi-w ak fanmi-w jiskake li rive sou telefòn yon bandi poul ka pran konsyans pou yo ka suspann touye polisye yo.

🚔🚓🚔🚓🚔🚓🚔🚓🚔🚔🚓🚔🚓🚔

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.