1- Lè w ak yon fanm ki gen krent pou Bondye, ki kiltive, sivilize, ki gen klas epi anbisyon, men jan de SMS w ap resevwa nan men l:
*6h AM*
Bonjou cheri. Mwen espere ke w te pase yon merveilleuse nuit.
Kòman w ye matin an ? Èske w priye deja ? Ou gentan prepare w pou w al travay deja ?
Pa bliye al postile pou travay mwen te montre w yè a non.
Je t'aime!
*12h PM*
Cheri, mwen espere ke w gentan manje.
Na pale plus tard.
Pran swen tèt ou. Je t'aime
*6h PM*
Coucou mon Prince ! Mwen nan market kounya, sa w vle mwen achte pou ou ?
*2- Men lè w ak yon limenna, sèl sa l posede se aparans, men jan de SMS w ap resevwa nan men l:*
*6h AM*
Bonjou bb ! Ou byen ? Pwogram nan te amizan yè wi.
Mwen espere nou pral nan yon lòt pwogram ki pi hot ke sa pita, lollll !!!
Svp pa bliye voye lajan pou mwen an non. Na wè pita.
*12h PM*
M gen pwoblèm ! Ou ka ede m ak yon ti kòb si w kapab.
M bezwen chanje grèf ki nan tèt mwen an.
*6h PM*
Salut bb. Mwen espere ke w pa bliye sandal ke w te pwomèt mwen an.
Mwen nan boutik kote yo vann alonj yo. Aprè m pral nan shop la paske m bezwen yon ti rad sexy bb.
*3- Men lè w pa gen fanm, men jan de SMS ou resevwa:*
*6h AM*
NATCOM: Genyen yon smartphone + $1000US chak semèn! Voye WI bay 1334 pou plis pwen pou w gen chans genyen jiska $2500US pou mwa a. Kontinye voye WI bay 1334.
*12h PM*
"Nuit boucanée" chak vandredi swa nan Best Guest House Hotel Morne-Rouge Cap-Haïtien. Vin pwofite bèl anbyans sa pou sèlman $80US.
*6h PM*
Wap jwenn 5 fwa minit gratis lè w rechaje pou pi piti 10 goud ak Mon Cash.
😂😂😂😂😂😂😂