Latest News

KENBE TÈT OU, KENBE DIYITEW

KENBE TÈT OU, KENBE DIYITEW

Moun ki renmen w lan pap bezwen ou voye foto toutouni ba li pou grandi santimanl pou ou.
*Li pap bezwenw fè videyo "sexy", toutouni, dezabiyew devan kamera oubyen fè lòt bagay nan menm sans lan poul ret avèw. Proverbes11:17,18*

*Kounya a se yon bagay ki ala mond, anpil jènn fi pou yon rezon oubyen yon lòt chwazi voye foto oubyen videyo yo bay yon gason, zanmi, mennaj oubyen mari toutouni. Si nou ta mande ki jenn fi ki poko janm fè sa li ka difisil pou nou ta jwenn youn. Men nap mandew siw te konn fèl pa fèl ankò, siw potko fèl pa fèl. Nou ka wèl piti men konsekans yo ka grav. Romain12:2*

*Kijan wap santiw si moun sa ta deside lage fotow oubyen videyow sou yon gwoup whatsapp, si li ta deside montre lòt moun li, sil metel sou yon rezo sosyal kèlkonk, si telefòn li ta pèdi epil tonbe nan men yon moun ki gen movèz fwa? 2thessalonicien2:10,13*

*Se pa tout bagay yon moun mandew pou aksepte fèl paske li ka tounen kont ou pita, ou pa konn demen. Jodi a ou ka yon senp jènn fi demen ou yon fanm enpòtan nan sosyete a pa kite se lè sa pou ti erè sa a ap kalew. Ephesiens5:8,10*

*Moun wap voye foto oubyen videyo pou li jodi a ka mariw, zanmiw, mennaj ou, boss ou men demen li ka pi gwo enmiw, li ka rayiw epi ap chache detwiw. Galates 6:7,9*

*Pa kite moun fè fotow oubyen videyow lèw nan yon pozisyon entim ak li. Pa bliye se plis ou respekte tèt ou se plis moun ap respektew. Plis ou enspire yon gason respè se plis lap wè nan ou yon moun li ka fè vil.1korent 3:16,17*

_Fel pase ak tt moun ki c zanmiw, li t met ti sew gran sew mennaj ou madanm u kouzin u bal mesaj sa...

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.