Kèk ti prensip Savwa Viv nan yon chan prensip
Pou medam yo
"Sou kesyon abiman"
*Costume pa mete ak soulye pla*( kit c kostum jup oubyen pantalon)
*Ou paka met yon jip ki gen pasan pouw pa met sentiwon*
*ou pa ka met yon jup anba kè epuis pou w pa konfòme*
*Jeans pa mete ak talon kikit,oubyen w mete yon ti soulye pla oubyen w met tenis*
*Ou paka ap met tenis nan fòm tchaniz pouw met bout ba*
*Sentiwon w dwe ale swa ak koulè kosaj oubyen mayow, swa ak koulè soulyew*
*Si wap soti ak valiz (mpa di bèg lekòl non) li sipoze fè sans ak sa ki sou ou yo*
*Siw mete yon rad simple,fè yon jan pou soulyew koulè valiz oubyen bous ki nan menw lan*
*Siw met yon robe ak tèt vès,soulyew dwe ale plus ak tèt vès la*
*Siw met jip,tèt vès ,epuis mayo kosaj anba vès la,soulyew dwe ale ak kosaj la,e valiz ou ak vès la oubyen jup la*
*Siw met yon wob ak sentiwon oubyen yon wob ki gen yon koulè senti diferan,soulye w oubyen sandal ou dwe ale ak koulè senti wob la oubyen sentiwon an*
*Ou pa ka met yon wob kout pouw met soulye pla*
*Nan maryaj koulè valiz ou gendwa diferan de wob ou men fok li simple*ex: Rob bleu,soulye bleu,valiz roz simple san lot koulè
*ou pa kostime ak jip pou ale nan gran seremoni san ba de chair*
Pou makiyaj
*Nou konnen makiyaj bouch dwe ale ak paupière yo*
*Ou pa dwe makiye pou moun wèw sanble yon clone pou mardi gras*ex: fa mauve,paupière yo wouj et bleu,wap très laide.
*Sousiw paka gaye pouw pase kreyon sanw pa netwayel*
*ou paka mete do zye epuis pouw met yon gloss transparan,fok ou met yon fa ki parèt*
Pou bijou
*Chèn nan dwe ale ak zanno et rad ou,ou paka met chèn or, zanno argent*
*Kostum pa mete ak chèn Kong*
*Ou paka met yon kosaj ki bouche kouw epuis ou met chèn*
*Bracelet pa mete ak kosaj manch long tou*
*Chevillet pa mete al nenpot kote,se pou pwogram ant ami li ye* pa pou gran réunion ni cérémonie
*KONN koman nap met bag paske chak dwèt gen siyifikasyon yo,ou paka kostime pou tout dwèt ou c bag*
Vernis wouj ak fa wouj posib kelkeswa evènman sof fineray
fo zong
*Vernis an dwe ale ak koulè rad ki sou ou yo* , *sinon chanje vernis oubyen met yon vernis naturel*
*Fò zong ki twò long pa protocolaire ditou, li dwe kout et très simple*
NB : Pou fini, chiyon pa mete ak tenis ni jeans