Latest News

Istwa. Yon wa te gen yon sèvitè ki te konn dil a chak okazyon Bondye pa janm fè anyen mal.Men wa a pat janm rive kwè sa

Istwa. Yon wa te gen yon sèvitè ki te konn dil a chak okazyon Bondye pa janm fè anyen mal.Men wa a pat janm rive kwè sa, yon jou wa a te pati avèk sèvitè a gen yon bèt sovaj ki atakel sévitè a fè tout manèv pou defann wa a men malgre sa bèt sovaj la koupe yon dwat wa a. Wa a nève epi li di si Bondye te bon li pa tap kitel pèdi dwat li. Sevitè a di wa Ankò:Bondye pa janm fè anyen ki mal non. Lè wa a tande sa li tèlman an kolè li fè yo mete sevitè a nan prizon. Pandan sevitè a prale nan prizon an li di wa a Bondye pa janm fè anyen ki mal. Yon lot jou wa a te soti li menm sèl li te rankontre fwa sa avèk yon sosyete kanibal sovaj ki toujou ofri lavi moun an sakrifis yo pran wa a pou yo ofri l an sakrifis lè yo chèche yo jwenn wa a manke yon ti dwat yo di dye yap sèvi a pa bezwen moso moun. Se konsa yo kite wa a retounen lakay li. lè wa a rive li di tout moun Bondye pa janm fè anyen ki mal paske si bèt sovaj la pat koupe dwat li bizango tap ofril an sakrifis li fè yo lage sevitè e sevitè a di wa a menm siw te metem nan prizon Bondye pa janm fè anyen ki mal paske si mw pat nan prizon se mw ki tap pati avèw mw pa manke moso se mw bizango yo tap ofri an sakrifis.Anpil fwa nou plenyen lè yon bagay negatif rive nan lavi nou, pafwa nou menm blame Bondye komsi se li menm ki lakoz nou soufri. Poutan nou bliye tout bagay pozitif yo Bondye fè nan lavi nou. Si Bondye bas okazyon li mesaj sa se paske li ta renmenw di Bondye mèsi pou tout bagay menm pou bagay ki fè dlo kouri nan jew konnen Bondye nou an gen kontwol tout sikonstans.Si mesaj sa touche kèw pataje l avek tout kontak ou yo pandan map swete Bondye beni tout moun ki li e pataje l nan non Jezi.

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.