Latest News

Gen yon fi ki te bezwen yon neg pou l marye ,fi a rich anpil

Gen yon fi ki te bezwen yon neg pou l marye ,fi a rich anpil . Men yo rasanble 3 jèn gason ki pi byen kanpe nan zon nan. Epi lè jou a rive li ale avek yo nan yon gwo chan byen laj . Epi li di yo li pral kouri,gason ki kenbe l la se ave l lap marye. Epi.  Li komanse kouri,, mesye yo kouri deye l,, kouri,kouri,kouri, li wè youn nan mesye yo preske jwenn li , li lage 1000000$  atè a ,mesye a pran kob la li retounen.  Lot neg yo kouri,kouri, gen yon lot ki preske jwenn li, li lage yon kle pou yon gwo apatman, mesye a pranl li tounen. 3e neg la kouri,li kouri, li preske pran fi a ,fi a lage yon chek 10000000$,misye ap kouri deye fi a, fi a lage yon  yon pyes dyaman byen chè,misye kouri dèyè l pi rèd,li wè misye preske kenbe l, li lage kle machin li yo ,o o misye pa okipe kle yo li kouri pi rèd. Fi a,pat kapab ank lè misye kenbe l. Epi fi a di misye kounye a ou kenbe m mw ap marye avè w men fò w reponn mw kesyon saa: poukisa tout sa m ba ou ou pa janm pran yo tankou lot mesye yo ou kontinye kouri dèyè m jiskake w kenbe m? Misye reponn fi a, mw reyalize se ou ki gen riches yo,donk sim genyen w mw gen tout riches yo tou ,se sak fè m te kite yo pou m kouri dèyè w pito. Fi a kontan li di misye: ou se gason m tap chèche a e mw pral marye avè w...                                                                                     se menm bagay la tou pou moun kap chèche riches sou latè pandan ke yo neglije Bondye ki se met tout bagay.

patage

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.