Latest News

" *DI MO ,KI MO DI*"
Èske w konn sa ki *te pwofi*
Si nan pase.w ou pat janm *pwofite*
Pa vin palem *de tan pasew*
Alèkile *tan depasew*
Met zorèy ou byen pouw *tande pasew*
Kap kriye ak kè kontan pou l wè jan *prezan prezante*
Lè wap sonje pase, ou ka di pouki *pase pa te prezan*
Sa wap sibi a prezan ka fèw di pouki *prezan pa te pase*
Pouki *prezan pa te pase* vit pou *fiti*
Pouw jwenn yon ti gason ou yon *ti fi*
Men tan plis tan egal tan tout tan, paske tan *pa chanje*
Se nou menm lèzòm ki *chanje pa*
Mpa bezwen konnen siw beni ou *modi*
Fòk ou *di mo* ki *mo di*pouw ka *soti*.
Deyò an menm siw tonbe pa ret atè pou nenpot *ti so*
Moun ap baw kout pye ,yo pap baw *kout men*
Olye pou men ou long pito ou gen   *men kout*
*Men dout*konn anpechew *fè saw vle fè*
Ou lib se vre men ou pa gen dwa *fè sa w vle*
Pafwa se yon mo di pouw di
Yon kout fout, yon kout lanmèd
Yon tonnè boule yon tonnè *kraze*
Ki pou *kraze*baryè reziyasyon ki
*bòne lespriw*
Mezi aksyon w ak meditasyon w ka
*òne lespriw*
Di mo ki mo di pa vye mo tout tan li ka fèw wè *rezon*
Aprè tole deblozay pete nap wè sa ki antò sa k' gen *rezon*
E se *rezon* sa ki fè m ekri w
Poum diw kèk ti mo,ki mo di.

*#Monarque grand M*
*# di mo ki modi*
*# mo di lè sa nesesè*
*#reverse vers*

Resan 23 Designed by Templateism.com Copyright © 2014

Images de thèmes de Bim. Fourni par Blogger.