Destin Tragique - Epizod final....35.......
Berline li menm t gen prèt poul tuye Natalie..... Mw pa gen twop pale anpil map fè jus swiv epizod la.....
Angelo: Non... Berline pa fesa... Reflechi...
Berline: ou refuzem pou li fok mw tuyel Angelo... Petet apresa ou k dako renmen avèm
Mòfaka: fann tet li non.....
Deja Mouri: tann... Tann... Fok nou fè yo soufri avan......
Menm kote a.. Deja mouri dezipe pantalon'l li ta pral vyole Natalie.. Li menm ak tout Mòfaka......
S.Paul ak E.Claude t kache dèyè yon mi epi yo komanse fè bal.... Kòm Natalie ak Angelo t gentan kouche atè a....
Deja mouri pran yon bal nan tet ponyet... Mòfaka pran 2 men li poko mouri... Kounya yo vinn ap tire....
S.Paul: pase pa dèyè al wè siw k sène yo epi mw menm map distrè yo la...
E.Claude: ok pa gen pwoblem...
Bal kontinye ap fet... E.Claude al pase pa dèyè.. Li arive fe Angelo ak Natalie sove san ke Berline ak Deja mouri pat rann yo kont desa...
Li fè yo ale.. Li abritel dèyè yon mi.. Li komanse ap tire.... Kounya mòfaka vinn pran bal nan tet .. Li mouri..
Deja mouri: chyyyetttt...... Misye mouri....
Berline: oh kot Angelo....
Deja mouri: yo sove... Kounya ann we si nou k sove tet nou...
Berline komanse pè... Pandan li al eseye sove konsa.... E.Claude kenbel poul pa ale...
Apre yon titan bal Deja mouri fini... Epi S.Paul fel kouche atè plat..
S.Paul: bn nou resi kenbe towo'm.....
E.Claude: sa nap fè ak misye la??
S.Paul: ou met soti deyò ak Berline mw pral pale ak misye la....
Avan S.Paul komanse pale ak Deja mouri li pasel yon bal nan chak pye.... Youn nan chak men.. Epi li metel chita sou yon chèz.. Li rale foto Bianca..... Epi Deja mouri t komanse ap souri tou....
S.Paul: ou konn moun sa??
Deja mouri: (tonbe ri) demwazel sa avan mw tuyel.. Mw byen trip avel uiii...
S.Paul: ok.... Kounya e mwk pral trip avew...
Deja mouri: siw tuyem son sèvis wap rann mw...
S.Paul: pa enkyete'w mw renmen rann moun sèvis anpil...
S.Paul pasel yon bal nan grenn li.... Deja mouri komanse ap rele... Li komanse santi bn doulè a.. Li komanse ap wè troub.... Li preske mouri.. Kounya S.Paul pasel plizyè bal nan tet li....
Li soti deyò al jwenn res moun yo.. Natalie te kontan li panse li ta pral mouri...
Natalie: oh....... Merçi anpil gran frèm chéri....
S.Paul: nòmal e sistam ou ye...
Natalie: men Angelo mtap pale'w de li a uiii..
S.Paul: anh bn... Mte gentan santi sa....
E.Claude: lapolis pral vinn la uiii nan yon titan....
S.Paul: bn Berline.... Kijan ou panse manman'w pral reaji apre sa ou finn fè a??
Berline: hmmmmmmmmm(kriye)....
Angelo: merçi anpil pousa ou fè pou mw an...
S.Paul: uiiiii.... Sa pa anyen...
Apre yon titan lapolis vinn rive.. Epi yo arete Berline.. Kal pran yon prizon mal... Pa jalouzi.. Akoz de lanmou... Li t telman damou Angelo...
Natalie antre lakay li.. Tout fanmi'l kontan we'l ... Nadine te la tou.
Demèm pou Angelo ki antre lakay li.. Li jwenn manman'l.. Naomie... Sè Tanya.... Mme.Yanick.... Peter ak tout zanmil yo kite la tou....
Pat gen moun kite konn si Natalie t ansent apa de Claudya... Peter.... Nadine epi Naomie kite vinn konn sa...
Kèk mwa t vinn pase... Natalie fè bb a... Sete anba anpil difikilte men li fel kanmem san ke paranl pat okouran de anyen... Yon bagay li pata janm imajine men pè kòyò ap fe bagay sa lontan...
Angelo vinn tounen yon jènn papa epi Natalie yon jènn manman... Malgre sa yo t toujou ansanm...
Pandan Angelo kay Naomie an.. Li menm ak Natalie paske se la yo sere bb a.... Yo kitel grandi nan men Naomie san moun pa konnen...
Angelo t fini lekol.... Li ta pral nan 1er ane fakulte de dwa... Natalie li menm tal fè Philo.... Ann finn swiv..
Naomie: ooohhh.. Yon bel pitit fi uiiii... Kijan nap relel...??
Peter: nou met relel... Peteria uiii... (Lollll)
Naomie: non.. Nap relel Betie..
Natalie: mte gentan gen non pou li deja..... Nap relel Bianca...
TO BE CONTINUED..................
Remerciement spécial a chaque fanatique COCILVAR yo ki pajanm lage...
Merci a chak moun ki te pran travail la a kè...
Nan kek jou anko, se pral nouvelle Feuilleton AMITIÉ TRAYI...
Tjr rete konekte ak COCILVAR pouw ka jwenn lot bel e nouvo Feyton tjr....
Merci a vous tous...
*FIN*
DESTIN TRAGIQUE SEPA YON ISTWA MW IMAJINE.. SE YON BAGAY MW VIV NAN ANTOURAJ MW MENM... OU K PA KWE.. MEN SE VERITE A LI RETE KANMEM....
MAP ENVITE NOU TANN DESTIN TRAGIQUE #2 A PASKE ISTWA A PAT RIVE LA...... NAN KÈK JOU ANKÒ NOU K JWENN LI...... ANPIL LOVE POU SAK T RENMEN'L ANPIL LOVE POU SAK PAT RENMEN'L TOU✌🏽✌🏽.........
🌴COCILVAR Club le promoteur