BLAG! BLAG! BLAG!
Depiw lil ou paka pa rirrrrrrrrrrrrrr.
Invité 50 zanmiw vin like page *Clack-six francillon* la tou pouw vin retirer stress lakay yo tou sa pap koutew yon goud.
Ayiti peyi move nouvellll.
Toto ki pati Li ale aletranje, li kite yon jeran nan lakou a epi li di l’ pou l’ toujou rele l’ e di l’ sa kap pase.
Jeran an pa janm rele l’,
lè toto wè sa li rele l’.
Epi jeran an di l’ se tèlman gen move nouvèl wi ki fèm pa relew.
Toto di : "map koutew"
epi jeran an di: "pèl mwen kase wi"
Toto di: "se saw rele move nouvèl la, kijan l’ fè kase ?"
Jeran an di: "Pandan map antere chenw lan wi."
Toto di: "Kisa ? kijan chenm nan fè mouri ?"
Jeran an di : "Li te tonbe nan pisin nan wi!"
Toto di : "men chen an konn naje!"
Jeran an di : "wi, men pisin nan te vid."
Toto di : "Kisa, pisin lakay mwen vid?"
Jeran an di: "Ponpye yo wi ki te pran dlo a pou etenn dife ki tap boule kay la."
Toto di anmweyyyy : "Kisa? gwo kay mwen an boule? kijan jezi?"
Jeran an di: "se nan antèman manmanw lan yon balèn te tonbe sou nap la wi."
Toto di : "Kisa? manmanm mouri? kijan?"
Jeran an di : "li fè kriz apre li finn kenbe madanm ou ak ti frèw la."
Toto di : "ebyen pa ret anyen pozitif ditou" anmyeyyyyyyyyyyy.
Jeran an di : "wi sèl tès sida ou te fè ou te dim poum al pran rezilta a wi mwn te bliye diw ki pozitif.
Toto : woyyyyyyyyy fout
Jeran:dekroche