Ann Pwoteje lajan nap sèvi avèl yo
Lajan se yon papye oubyen yon bout fè enpòtan ke tout peyi a sèvi avèl jus pou achte yon seri de pwodui, yon seri de machandiz. Se li ki fasilite echanj lan fèt pi fasil ou gen lajan m baw pwodui a, ou pa gen lajan m pa baw pwodui a.
Nan tout gran peyi m vizite kèlkilanswa Brazil, USA, Republica Dominicana, Canada, France mwen wè abitan gran peyi sila yo toujou pwòpte lajan yo, lajan peyi sila yo toujou pwòp.
KISAK FE PA NOU YO AN AYITI PA KA RETE PWOP APRE YO FIN SOTI LABANK? Poukisa lajan pa nou yo nwa konsa? Kisa k koz yo lèd? Yo chire konsa?
Kanmenm se mwen menm, se wou menm, se manman w se papa w, se machann yo.
Machann lan gen dwa ap vann chabon lè lap pwan kòb lan li oblije pwanl ak menl tou nwè. Lè menm machann chabon sila ap bay monnen li oblije pwan lajan ki nan makouti l poul remèt monnen an.
Gen plizyè kalte bgay ki fè lajan nou yo sal an Ayiti: Peyizan nou yo, moun kap vann Pwason yo, moun kap travay nan Bannann nan, piti ki dèyè kamyonèt yo, moun fou yo ki nan lari a.
KONYA KISAK POSIB POUN PWOTEJE LAJAN NOU YO AN AYITI? KISAM KA FÉ KOM SITWAYEN? KISA LETA TA DWE FÈ? KI DISPOSISYON LETA TA DWE PWAN POU LAJAN NOU YO RETE BYEN PWÒP?
Repons lan se kisa: Ke Leta pwan dipozisyon poul di ke echanj dwe fèt ak lajan byen pwòp, depi lajan an sal pa gen moun kap pwanl nan menw. Ke Leta antre tout lajan sal sa yo ki nan peyi a , mete deyò de nouvo lajan, e ke moun yo kap sal yo ap konfòme yo an retou
FOK LAJAN YO RETE BYEN PWOP, LETA DWE JWE PATISYON L NAN SA x iw
SIMAYE MESAJ SA BAY TOUT AYISYEN ALAWONNBADÈ